SUBMIT LYRICS
Top 100
Album releases
artists
Community
French
Spanish
Portuguese
Correction Lyrics
Child Support
by
Zenglen
Back
Lyrics
Fin banm zoklo, fin banm prizon Epi w lage m nan Child support Sa pap fèt, sa pap fèt non It's not fair [2x] Nan peyi serie dwa fanm respecte Lè yon nonm pase deraye pou frape danje Men sa pa vle di pou w abize yon lwa cheri Nan ka sa mwen deja victim Men kounya w soti pou w detwi lavi m [Koral] Banm yon chans pou m wè timoun yo Banm yon chans pou mwen nan vi yo Se tout dwa m se mwen k papa yo Si gon w verite fò n di yo [Reginald Cange] Kote m te ye ankò a Ah tèt mwen pati, ok m wè kibo m ye Kounya m devan jij yap mande m qui suis-je Mwen pa janm frape w ni joure w tèlman m adore w Ou fin banm zoklo, ou pap menm vle m wè timoun yo Pou lajan ou pèdi rezon Ou abize la lwa ou fè m pran prizon [Koral] Banm yon chans pou m wè timoun yo Banm yon chans pou mwen nan vi yo Se tout dwa m se mwen k papa yo Si gon w verite fò n di yo [Reginald Cange] Child support ta supoze aplike nan lemond antye Aux Etats-Unis se on lwa ki pwoteje fanm kont gason kap bay gòl kouri Se nòmal lè w pa ka okipe timoun ou pa bay gròs Men nan ka pa m nan l diferan m okipe pitit mwen Se ou kap bay pwoblem It's not fair [Keyboard solo] Kite Zenglen poze Kòm nou ka wè bagay yo still wòch sou wòch metal sou metal Chak fwa map panse dlo pran koule nan je m doudou Pou jan nou te renmen pou jan nou tap Mennen Menm lè m pa la pèsòn pap chanje sa Timoun yo se pitit mwen se vi mwen, se san mwen yo ye (2x) Fin banm zoklo, fin banm prizon Epi w lage m nan Child support Sa pap fèt, sa pap fèt non It's not fair non non non Ou fin drive kò w nan lari a epi se mwen sèl kap pran presyon Sa pa fèt, it's not fair Yon jou w pral regret timoun yo pral grandi cheri Yo pral poze w kesyon – mommy where is daddy? Ou pap ka bay manti paske lasosyete deja konnen sak pase Gen twòp je ki tap gade Pito mwen rekòmanse medite, konsyantize Ou pa ta fè m sa – cheri mwen Ou pa ta fè m sa – pou jan m te renmen w Ou pa ta fè m sa – pou jan m envesti Ou pa ta fè m sa – ou fè m fè tansyon wi Ou pa ta fè m sa – m santi map mouri Ou pa ta fè m sa (3x) Tempo E oh oh – se mwen E oh oh ah – se mwen Lè bill pou peye – se mwen Timoun pral lekòl – se mwen Fanmi w gen pwoblèm – se mwen Lè w gen malady – se mwen Cheri ou pa ta fè m sa – se mwen Doudou m pa merite sa – se mwen M pa konn le premye – se mwen M konn le dènye – se mwen Lè pa gen manje – se mwen Ou bezwen lajan – se mwen Cheri ou pa ta fè m sa – se mwen Honey m pa merite sa – se mwen E oh oh – se mwen E oh oh ah – se mwen E oh oh – se mwen
music video
Your name will be published. Leave fields blanks to remain anonymous.
Submit
Modal title
×
Insert media
Video URL?
(YouTube, Vimeo, Instagram, DailyMotion, Soundcloud)
×
Remember me
Lost password
Sign in
Register